Gouvènè Carney, DPH Anonse Chanjman Majè nan Restriksyon COVID-19 yo

Apati 21 me, pifò restriksyon sou kapasite yo anile; Moun Delaware yo dwe swiv direktiv CDC yo konsènan mask lè yo deyò; pi gwo evènman egzije toujou pou gen apwobasyon plan an nan DPH

WILMINGTON, Del. — Gouvènè John Carney ak Divizyon Sante Piblik Delaware (Division of Public Health, DPH) te anonse nan Madi a chanjman majè ki pral genyen nan restriksyon Delaware yo pou COVID-19.

Aplikab apati Vandredi 21 Me:

  • Tout restriksyon sou kapasite anndan restoran yo, biznis detayan, lòt etablisman biznis ak lye kilt yo pral anile. Etablisman yo pral kapab itilize tout kantite kapasite egzijans distans sosyal yo pral pèmèt.
  • Mask yo ap nesesè toujou anndan pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la.
  • Lè yo deyò, Moun Delaware yo dwe swiv direktiv pou mete mask ki bay nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (Centers for Disease Control and Prevention, CDC). Risk pou pwopagasyon COVID-19 la ogmante pami gwo foul moun ki gen ladan moun ki pa te resevwa vaksen an. Nan ka sa yo, CDC rekòmande pou tout moun kontinye mete yon mask. DPH ka egzije mask pou andwa ki gen anpil moun ak pou gwo rasanbleman yo, sa gen ladan konsè, evènman espòtif yo, elatriye.
  • Egzijans distans sosyal yo pral soti nan 6 pye pou vin 3 pye.
  • Kliyan yo dwe kontinye rete chita anndan ak deyò nan ba ak restoran yo, sòf si DPH apwouve yon plan pou pis dans ak lòt zòn yo, epi yo dwe konsève distans omwen 3 pye.
  • Evènman ki gen plis pase 250 moun anndan ak deyò ap egzije toujou pou gen apwobasyon plan an nan DPH pou asire konfòmite avèk prekosyon debaz yo pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la.

Chanjman yo pral vin ofisyèl nan yon pwochen modifikasyon òdonans dijans Gouvènè Carney pou COVID-19 la.

Gouvènè Carney deklare, “COVID-19 toujou ap sikile nan kominote nou yo, men nou gen zouti pou anpeche maladi grav ak anpeche moun entène lopital. Pran vaksen. Epi mande zanmi ak fanmi ou si yo te resevwa vaksen yo a. Se pi bon bagay ou ka fè pou pwoteje tèt ou ak pwoteje moun ou renmen yo.”

Jiska Lendi 3 Me, founisè yo nan Delaware te bay 762,869 dòz vaksen pou COVID-19. Plis pase 53 pousan nan Moun Delaware ki gen laj 16 lane oswa plis te resevwa omwen yon piki.

“Nou kontan anpil paske nou rive nan yon pwen nan efò Eta nou an kote nou ka leve restriksyon sa yo, men li enpòtan pou nou sonje efò nou yo pa fini, epi nou poko fini toujou avèk difikilte yo. Pral toujou gen kèk risk pou transmisyon, sitou nan anviwònman ki chaje ak moun yo, avèk varyant ki pi kontajye yo k ap sikile nan gwo nivo nan Eta nou an”, daprè deklarasyon Dok. Karyl Rattay, Direktè Divizyon Sante Piblik la. “Kidonk, annou antre nan pwochen faz nan rekiperasyon sa a antanke moun responsab, mete mask anndan epi pran vaksen an si ou poko pran l.”

###