Delaware News

Gouvènè Carney Deklare COVID-19 la yon Pwen Cho nan Konte Sussex, Anonse Agrandisman Sit Kominotè pou Tès yo

Governor John Carney | Office of the Governor | Date Posted: Tuesday, April 28, 2020

WILMINGTON, Del. – Gouvènè John Carney te deklare nan madi a ke Konte Sussex la se yon plas cho pou COVID-19 nan Delaware epi li te anonse orè inisyal pou Kowòdinasyon ak Swen nan Eta Delaware la ak sit kominotè pou tès yo.   Yo pral fè tès ak kontak sansibilizasyon yo nan plizyè kominote Sussex yo nan sant ki pou epidemi COVID-19 la nan Delaware.  Gouvènè Carney te anonse an premye tès ak asosyasyon konsyantizasyon pou kominote  yo ant eta a, sistèm lopital yo, ak lòt moun yo nan semèn pase yo, ak yon premye konsantrasyon nan Konte Sussex.

Yo pral fè tès nan sit yo ak kontak sansibilizasyon yo nan kowòdinasyon ak Divizyon Sante Piblik Delaware (DPH), Depatman Sante ak Sèvis Sosyal nan Delaware (DHSS), sistèm lopital yo, Sant Sante Kalifye nan Federal, òganizasyon kominotè, ak anplwayè nan Konte Sussex yo.  Yo fè tès yo pou yo ka rive jwenn popilasyon yo ki gen gwo risk yo tankou: moun ki gen sentòm konsistan avèk COVID-19 la, moun k ap viv oswa k ap travay ak yon moun ki te dyagnostike ak COVID-19, manm fanmi ou oswa kolokatè nan moun sa yo k ap travay nan endistri bèt volay la, ak moun ki gen kondisyon medikal kwonik. tankou opresyon, dyabèt, tansyon wo, oswa sistèm iminitè ki konpwomèt.

Gouvènè John Carney di konsa, “Konte Sussex vin tounen yon plas cho pou COVID-19 la, sitou nan zòn ki pase sou koridò Route 113 la.  N ap travay avèk patnè kominotè yo pou agrandi sit tès yo epi pataje enfòmasyon edikatif nan kominote sa yo. Li enpòtan pou pwoteje fanmi ou ak tèt ou nan swiv konsèy ki soti nan CDC a ak Divizyon Sante Piblik nan Delaware. Sa ki pi enpòtan, rete lakay ou Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri, piga w pè rele 2-1-1 pou plis enfòmasyon ak asistans. Rele 9-1-1 pou yon ijans Li esansyèl ke nou tout travay ansanm pou simonte sitiyasyon sa a.”

Rezidan Konte Sussex yo pral resevwa alèt pou ijans sou telefòn yo atravè Ajans Jesyon Ijans Delaware konsènan plas cho nan Konte Sussex la, ak mesaj ki an patenarya avèk Depatman Edikasyon Delaware ak distri lekòl lokal yo.  Manm kominote yo pral wè materyèl edikatif ki enprime sou sit pou tès yo ak nan sèvis distribisyon manje ki egziste deja yo, y ap ogmante tablo afichaj, ak medya sosyal ak piblisite dijital nan tout konte a pou ranfòse ijans nan pwen cho sou Covid-19 ki nan Konte Sussex la. 

Eta Delaware ak patnè li yo te teste plis pase 750 moun semèn dènye a pandan premye ekspansyon tès kominotè COVID-19 nan Konte Sussex. Plis pase 35% nan rezilta tès yo nan evènman tès kominotè yo te pozitif pou COVID-19.

Nan fen semèn pase a, Gouvènè Carney te mande pou èd nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou ede yo ak tès kominotè nan efò yo pou yo ta jwenn tras  kontak yo. CDC a te voye yon ekip epidemyoloji nan Delaware pou ede jwenn kantite sou nan maladi an ki gaye a, konbat kriz COVID-19 la nan Sussex, epi fè rekòmandasyon pou anpeche plis transmisyon gaye lajman.

Direktè DPH Karyl Rattay te di “Nou ekstrèmman rekonesan pou ekspètiz CDC a, ak asistans li sou jan pou nou travay pou bay kantite epi konprann kijan COVID-19 la gaye nan Konte Sussex la. Ekip Èd Epi sa a pral apwoche pwoblèm lan nan yon pèspektiv epidemyolojik epi travay pou bay kantite nan limit sou jan maladi a gaye nan Sussex, idantifye wout transmisyon yo epi bay rekòmandasyon pou nou konsidere kijan pou diminye viris pou l pa gaye.”

Sit tès pou kominote yo konsantre sou travayè biznis esansyèl, manm fanmi ki nan popilasyon ki gen risk, moun ki ekspoze a yon moun ki gen COVID-19 oswa yon moun ki pran swen yon manm fanmi ki malad ak COVID-19. TSit tès yo enkli tès avèk swab ki fèt tou byen vit nan nen, yon ankèt imedya sou ka pozitif, yon koneksyon avèk yon koòdonatè resous pou sèvis tankou manje ak abri pou moun ki pozitif, ak twous swen sante pou bay chak moun ki teste yo. Yo pral distribye twous swen bay moun ki gen gwo risk pou yo transmèt maladi a lakay yo epi yo pa gen mwayen pou yo achte pwovizyon pou tèt yo. Li     p ap nesesè pou sit sa yo gen yon rekòmandasyon oswa referans doktè. 

Chak sistèm swen sante ki nan Konte Sussex ap patisipe nan efò tès kominote sa a. Y ap gen anplwaye bileng nan sit yo. Yo montre orè inisyal ak lokal pou sit tès kominotè yo te planifye an piba a.  Lopital Memorial Nanticoke planifye tou pou kòmanse tès kominotè nan semèn nan epi li pral bay detay sou plan tès li yo yon fwa detay yo fini. 

  • Beebe Swen Sante ap akomode sit tès Kominote a nan pakin li ant JD Shuckers ak Administrasyon Veteran a sou Rt 404 nan Georgetown:  Mèkredi 29 avril apati 10 a.m. pou 4 p.m.
  • Bayhealth nan Sant Sèvis Eta DHSS nan Milford ap akomode sit tès Kominote a nan 253 NE Front Street: Jedi 30 avril apati 9:00 a.m. pou 3:00 p.m
  • Beebe Swen Sante ap akomode sit tès Kominote a ant JD Shuckers ak Administrasyon Veteran a sou Rt 404 nan Georgetown: Vandredi, 1ye me apati 10 a.m. pou 4 p.m.
  • Beebe Swen Sante ap akomode sit tès Kominote a nan pakin li ant JD Shuckers ak Administrasyon Veteran a sou Rt 404 nan Georgetown: Samdi 2 me apati 9 a.m. pou 1 p.m.
  • Bayhealth nan Sant Sèvis Eta DHSS nan Milford ap akomode sit tès Kominote a nan 253 NE Front Street Lendi,  4 me a apati 9:00 a.m. pou 3:00 p.m.

Doktè David Tam, Prezidan ak Direktè Jeneral, te deklare ke, li te fè Beebe Swen Sante pran angajman pou l travay avèk Gouvènè Carney pou l ka devlope yon modèl pou tès nan tout eta a ki konfòme avèk efò envestigasyon limit enfeksyon COVID-19 avèk pi bon swen nan klinik pou popilasyon nou an.  “Nou te fè efò pou fonksyone nan plan eta a pou tès kominotè ki baze nan Georgetown la, ki pote ansanm anpil swen sante ak òganizasyon kominotè ki pou bay yon fason san danje epi ki aksesib pou moun k ap fè tès depistaj yo, teste ak resevwa sipò sosyal ak edikasyon ki nesesè pou ede diminye viris COVID-19 la pou l pa gaye.  Nou swete ke modèl tès sa a ka fonksyone nan tout Konte Sussex ak nan Delaware pa patnè swen sante ak kominote nou yo.  Mwen fyè de ekip Beebe a deske li te devlope ak aplike plan nou an byen vit.”

Terry M. Murphy FACHE, Prezidan ak Direktè Jeneral nan Bayhealth te deklare ke, “Bayhealth fyè ke ekip nou an ap patisipe nan tès COVID-19 nan Konte Sussex la, ak nou rete angaje pou sipòte tout efò nan tout eta a ki gen rapò ak batay kont pandemi sa a. Nou trè fyè nan kolaborasyon nou avèk biwo gouvènè a, Divizyon Sante Piblik ak patnè sante nou yo ki nan tout eta a. Bayhealth kontinye sèvi tout kominote nou yo nan santral ak sid Delaware nan Liy asistans nou an pou fè tès koronaviris ak nan sèvis tès kondwi ak k ap pran swen nou yo ak bay swen pou moun ki bezwen li. Plan Jesyon Kominote pou  Koronaviris nan Bayhealth pwouve ke yo gen yon sistèm trè efikas  ki  ka teste an mwayèn 450 moun chak semèn ki yon total de 2,700 yo teste jouk dat la.”

Penny Short, MSM, BSN, RN, Prezidan Nanticoke Memorial Hospital, Prezidan Nanticoke Memorial Hospital, Sistèm Sante Rejyonal Vis-Prezidan Peninsula Rejyonal, te di “Nanticoke Memorial Hospital ak Peninsula Regional Health System pran angajman pou kominote nou an ak sipòte tès nan tout eta a nan Delaware. Nou kontan travay ansanm ak tou de Divizyon Sante Piblik ak lidè lokal nou yo pou devlope sit tès pou satisfè bezwen popilasyon nou an.” 

Javier G. Torrijos, Prezidan Komisyon Panyòl la nan Delaware te deklare ke, “Komisyon Espayòl nan Delaware ta renmen remèsye lidèchip Gouvènè a ak anplwaye li yo pou idantifye bezwen imedya ki gen rapò ak COVID-19 nan, patikilyèman nan Konte Sussex kote li te gen yon enpak sou kominote nan Amerik Latin nan. Sit swen sante sa yo enpòtan nan founi edikasyon imedya ak resous yo pou ede koube pandemi sa a nan kominote nou an. San resous pale plizyè lang ak materyèl edikatif, enpak COVID-19 ta vin pi mal.”

Jennifer Fuqua, PhD, Direktè Egzekitif, La Esperanza a te deklare ke “Sistèm sèvis sosyal ak sante nan Eta Delaware, sistèm sante lokal yo, founisè swen sante prive yo, ak biwo lokal ki pa fè pwofi yo ap reyini nan yon efò kowòdone pou reyalize ak ankouraje pwoteksyon sou konpòtman nan Sussex pou tout moun, men espesyalman pou kominote Panyòl la. ” “La Esperanza te jwenn ke anpil moun nan kominote nou an t ap fè menm jan ak sa ki te espere pandan kriz sa a, men gen kèk ki vrèman gen difikilte ak mank aksè nan yon founisè swen sante prensipal ak bezwen debaz yo.  Sit swen sante kominotè ke Eta a ap etabli semèn sa a nan Milford, Georgetown, Seaford ak Millsboro ta dwe ede anpil nan edikasyon kominote nou an sou konpòtman pwoteksyon, founi depistaj swen sante ak swivi, konekte moun ak sèvis sosyal epi soulaje laperèz reyèl ke moun ap eksprime.”

Klike la a pou pdf la ak grafik ki patajab yo.

Delawareans ki gen kesyon sou COVID-19 ki gen rapò ak bezwen medikal oswa sosyal ta dwe rele 2-1-1; oswa 7-1-1 pou moun ki soud oswa ki mal pou tande. Orè operasyon yo se 8 a.m. a 9 p.m.  Lendi a Vandredi; ant 9 a.m. a 5 p.m. nan wikenn yo. Ou ka soumèt kesyon yo tou pa imèl nan  DPHCall@delaware.gov.

DPH ap kontinye mete ajou piblik la kòm plis enfòmasyon vin disponib. Pou dènye enfòmasyon sou repons nan Delaware a, vizite: de.gov/coronavirus.

image_printPrint

Related Topics:  

Graphic that represents delaware news on a mobile phone

Keep up to date by receiving a daily digest email, around noon, of current news release posts from state agencies on news.delaware.gov.

Here you can subscribe to future news updates.